Press Release

April 12, 2022

Oolite Arts Devwale Plan Konstriksyon Kay Miami an konpayi Barozzi Viega Reyalize

Yon gwo òganizasyon atistik ki pa la pou fè pwofi ap prezante nou plan konstriksyon yon nouvo sant kiltirèl, ki vin ranfòse angajman li pran pou l respekte ekosistèm atistik la nan Sid Florida.

MIAMI (12 Avril 2022) — Oolite Arts—youn nan pi gwo sipòtè atis ki fè a vizyèl yo nan Miami—pran plezi pou l prezante nou achitekti nouvo katye jeneral li a, Barozzi Veiga, ki sitiye nan Baselòn, reyalize. Bilding lan, ki gen pou l ouvri nan lane 2024, se premye pwojè kay achitèk sa yo, ki resevwa plizyè rekonpans, pral konstwi nan peyi Etazini, e li byen prezante Oolite Arts kòm yon sant kiltirèl ki gen klas mondyal.

Oolite Arts ap sipòte boza nan Miami depi nan lane 1984, epi nouvo kay òganizasyon an montre kijan òganizasyon an vle toujou rete devwe pou atis yo ak kominote a. Nouvo sant lan, ki chita nan 75 NW 72nd Street nan Vil Miami, sitiye nan yon distri atistik k ap devlope, ki fasil pou w jwenn nan vil la epi li tou pre anpil atelye atis, kay ak galri. Kanpis la pral kreye plis opòtinite ak pwogram pou l satisfè bezwen kontinyèl ekosistèm a vizyèl yo k ap grandi nan Miami pandan l ap anrichi konvèsasyon nou abitye genyen sou achitekti ak boza nan vil la.

Dennis Scholl, ki se Prezidan ak Direktè Jeneral Oolite Arts, deklare, “Pandan peyizaj kiltirèl Miami an ap kontinye evolye, Oolite Arts pran angajman pou l leve kominote atis ki fè a vizyèl yo byen wo nan vil la.” “Nouvo espas sa a pral yon sant kiltirèl k ap pwospere, kote atis yo ka grandi epi reyini ansanm ak vizitè entènasyonal yo epi vwazen yo tou.”

Avèk yon konfigirasyon ki raple nou yon vilaj kote anpil atis ap viv, nouvo bilding lan pral òganize rezidans atistik ak plizyè atis Oolite Arts, ap gen pwogram sou a sinematografik, plizyè seri konferans ak plis pase 200 kou sou boza tou. Li pral ofri ase plas pou jiska 21 espas atelye endividyèl k ap disponib gratis pou atis yo, yon galri pou fè ekspozisyon, yon teyat, de (2) sal klas, yon espas pou atis yo kreye, yon atelye pou fè enpresyon ak biwo òganizasyon an. Ap gen yon jaden kominotè ak twati tou.

Depi lè yo te anonse Barozzi Veiga kòm achitèk pou pwojè a nan mwa fevriye 2020, Oolite Arts ansanm ak de (2) direktè konpayi an—Fabrizio Barozzi ak Alberto Veiga—te travay an kolaborasyon ak Charles H. Benson & Associates, ki se patnè achitekti lokal la, epi Amicon, ki se reprezantan pwopriyetè a. Objektif la se kreye yon kay kote atis yo ak kominote a kapab vin reyini ansanm nan yon espas fleksib, ki byen klere epi ki ouvè. Ak yon lakou andedan rich ak plant ki bay piblik la anvi pou l vin nan espas la, pwojè a mete prensip Barozzi Veiga yo devan nan sa ki gen pou wè ak dirabilite epi angajman antrepriz la pran pou li dekouvri sa ki espesyal nan espas y ap trase plan pou li a.

Pandan pati ki deyò bilding nan parèt yon mistè epi andedan an chaje ak plant,
Plan lakou enteryè Barozzi Veiga a ofri yon bagay atis yo ak kominote a pa atann.

Barozzi Veiga konsevwa yon espas ki bay sa atis yo ak kominote a bezwen priyorite, sa ki fè li rive jwenn yon bon ekilib ant espas piblik ak espas prive. Anplis atelye yo ki transfòme yon fason ki klè an espas ekspozisyon ki aktif, youn nan eleman kle bilding nan se fason limyè natirèl la gaye tou piti, sa ki ofri atis yo divès espas kote yo ka reyalize pwòp eksplorasyon pèsonèl pa yo. Nou rive nan gwo nivo kalite sa a gras ak yon achitekti vètikal ki gen espas pou limyè fofile kò l, ki kreye yon kantite pyès, epi ki byen kontwole tanperati a gras ak plizyè chemine solèy ak kaptè van. Ak eleman sa yo, achitèk yo pwopoze nou yon plan ki marye ansanm anviwònman ak enèji, ki ta dwe resevwa yon sètifika LEED.

Barozzi Veiga di “An jeneral, lè n ap fè plan pwojè nou yo, nou toujou panse ak moun ki pral itilize espas yo.” “Nou te vle bay atis yo pi bon kondisyon pou yo travay. Sa te mande nou pou nou te rive jwenn yon bon ekilib ant atelye yo kòm ti espas pèsonèl atis yo, ak espas piblik yo, ki byen klere ak limyè pou lavi kominote a. Sa fè pati ADN Oolite menm.”

Lè pwojè a fini, nou pral mete li nan bèl pòtfolyo Barozzi Veiga a, ki gen ladan l plizyè espas tankou Katye Jeneral Ribera del Duero a (2011), Oditoryòm Infanta Elena nan Águilas (2011), Sal Filamonik Szczecin nan (2014), Bündner Kunstmuseum Chur (2016), Lekòl Mizik Ragenhaus nan Bruneck (2018), Mize Boza kanton an nan Lausanne (2019), Tanzhaus Zürich (2019) ak de (2) Atelye Atis nan vil Lond (2021). Youn nan travay konpayi an gen pou l fè tou nan peyi Etazini se renouvle plan prensipal Art Institute of Chicago a.

Eric Rodriguez, Prezidan Konsèy Administrasyon Oolite Arts la di “Nouvo kanpis sa a pral reprezante gwo wòch ki fòme baz misyon nou genyen pou n bay atis yo sipò nan kominote nou an jodi a ak demen tou. Li te kontinye « Nou gen anpil rekonesans anvè Barozzi Veiga ki rive reyalize vizyon Konsèy Administrasyon an ak bèl plan san parèy yo a. Tout Konsèy Administrasyon nou an, tankou Prezidan Emerit Kim Kovel, Prezidan Komite Enstalasyon yo Alessandro Ferretti, Vis Prezidan Marie Elena Angulo, ak Manm Komite yo Maricarmen Martinez ak Jeff Krinsky, kontan anpil dèske yo wè pwojè sa a soti nan yon lide pou l rive nan yon plan ki tounen reyalite.”

Anplis espas gratis pou atelye yo, opòtinite pou fè ekspozisyon, epi vizit konsèvatè yo nan atelye yo, Oolite Arts ap kontinye ak eritaj manm fondatè li yo ki se ede atis yo ede tèt yo. Pandan prèske karant lane, Oolite te bay plis pase 1,000 atis nan Miami sipò atravè pwogram Rezidans nan Atelye li a ansanm ak nouvo Rezidans atistik k ap fè atis yo Vwayaje Atravè Peyi a. Pwogram òganizasyon genyen pou l achte zèv atistik yo pral pèmèt atis ki nan lokalite a grandi pi byen paske l ap fè yo vin gen plis zèv nan anpil gwo koleksyon atravè peyi a. Pami kèk nan ansyen Etidyan Oolite yo nou jwenn Germane Barnes, william cordova, Teresita Fernandez ak Michael Richards.

Carl-Philippe Juste, benefisyè Prim Kreyatè 2021 an di, “Oolite Arts redefini ak leve nivo travay atis nan Sid Florida yo, pa sèlman atravè finansman li ba yo, men sitou gras ak yon sistèm imajinasyon ak sipò ki pèmèt li chwazi atis ki gen anpil talan yo pi byen pase metòd konvansyonèl yo. “Se yon bon ti van fre konsa nou te bezwen epi ki nesesè pou fè nou santi nou tout egal ego chak fwa nou respire l, epi li kreye yon anbyans, kote nou tout, ki se plizyè atis k ap travay nan diferan domèn, kapab respire.”

Edouard Duval-Carrié, ki te Genyen Prim Michael Richards 2018 la ajoute pou l di “Mwen bat bravo pou efò òganizasyon sa a rive fè pou li louvri epi dekouvri nouvo chimen, tankou demenaje soti Lincoln Road pou l vin nan yon espas ki pi laj”. “Nou gen espwa agrandisman sa a pral pèmèt nouvo atis vini nan vil la an menm tan l ap kenbe sa ki isit yo.”

Pandan konstriksyon an ap fèt, Oolite Arts ap kontinye bay atis rezidan yo kote pou yo viv ak travay epi l ap kontinye ofri pwogram nan 924 ak 928 Lincoln Road nan Miami Beach. Òganizasyon an pran angajman pou li toujou prezan nan zòn nan atravè plizyè ekspozisyon ak kou sou boza.

Tout Sa Nou Dwe Konnen Sou Oolite Arts
Oolite Arts ede atis ki rete Miami yo vanse nan karyè yo epi li bay kominote kiltirèl la anvi travay avèk yo. Oolite Arts, ki tabli depi 1984, se alafwa yon kominote ak yon resous, ki bay atis ki fè a vizyèl yo espas pou yo fè atelye, opòtinite pou yo fè ekspozisyon epi sipò lajan yo bezwen pou yo fè eksperyans nan vil la, grandi ladan l epi anrichi li. Atravè pwogram edikatif li yo, Oolite Arts ede moun Miami aprann plis bagay sou boza kontanporen yo epi devlope pwòp kapasite atistik pa yo. Pou plis detay, ale sou oolitearts.org.

Ekspozisyon ak pwogram nan Oolite Arts yo rive fèt gras ak sipò Depatman Zafè Kiltirèl Konte Miami-Dade ak Konsèy Zafè Kiltirèl la; Majistra ak Konsèy Komisè Konte Miami-Dade yo; Majistra ak Komisè Vil Miami Beach la; Eta Florida, Depatman Deta, Divizyon Boza ak Kilti epi Konsèy sou Boza ak Kilti Florida; Fondasyon Nasyonal pou Boza; Fondasyon Fanmi Lynn ak Louis Wolfson II, Fondasyon Fanmi Jorge M. Pérez nan Fondasyon Miami an epi Fondasyon John S. ak James L. Knight la.

Tout Sa Nou Dwe Konnen Sou Barozzi Veiga
Barozzi Veiga, ki fonde nan vil Baselòn nan lane 2004, ap fè yon travay entènasyonal sou kòmand piblik ak prive, ki mete aksan sou konstriksyon batiman pou sant kiltirèl, biwo leta ak espas kote yo bay fòmasyon. Yo ekspoze epi pibliye travay li yo anpil nan laprès ki espesyalize nan boza.

Tout Sa Nou Dwe Konnen Sou Dennis Scholl
Dennis Scholl se Prezidan ak Direktè Jeneral Oolite Arts, youn nan pi gwo òganizasyon k ap sipòte atis ki fè a vizyèl yo nan Florida, kote li responsab pou li ouvri pwogram òganizasyon an pou plis moun ka vin patisipe ak konstwi yon nouvo kanpis nan Vil Miami, ki dwe louvri nan lane 2024. Pandan li te nan Oolite Arts, li te kreye yon pwogramasyon san parèy, ki gen ladan l yon pwogram rekonpans ki te envesti $2 milyon dola nan atis endividyèl yo ak pwofesè boza yo, yon pwogram a sinematografik kote etidyan ki gradye yo ta pral fè aktyalite nan plizyè gwo festival fim, ak yon rezidans atistik ki ouvri pi plis kounye a ak plizyè pwogram vwayaj atravè tout peyi a. Scholl, ki se yon lidè ki gen anpil eksperyans nan domèn atistik la, te deja sèvi kòm Vis Prezidan/Boza nan John S. and James L. Knight Foundation, kote li te sipèvize pwogram nasyonal boza fondasyon an gras ak sibvansyon yo te bay òganizasyon kiltirèl yo ki te totalize prèske 200 milyon dola. Pèsonèlman, Scholl te kreye yon seri inisyativ nan objektif pou li monte koleksyon zèv atistik kontanporen yo nan gwo mize yo, e li te sèvi nan konsèy ak komite egzekitif Aspen Art Museum; Museum of Contemporary Art, nan North Miami, ak Pérez Art Museum, pou nou site sa yo sèlman.

Contact

Kontak Pou Laprès

Hunter Braithwaite
Direktè, Konseye Kiltirèl
[email protected]

Sam Riehl
Chaje Kont Senyò, Konseye Kiltirèl
[email protected]

Rachel Pinzur
Pinzur Communications
[email protected]

Andrea Salazar
Pinzur Communications
[email protected]